|
| 01 Mar 2008 01:08:14 am |
Si Nou Pote Mak ... Nou Oblije Chonje (2) |
|
|
Semenn pase a m te di pwovèb ‘Bay kou bliye, pote mak chonje!' a "se on pwovèb ki gen dan, se on pwovèb nou pa ka manyen konsa konsa". Men gen on fanatik, on sitwayen k ap suiv koze yo pre, ki rale zòrèy mwen: li fè m chonje tout pwovèb nou poze sonn sou yo nan DÈYÈ PAWÒL toujou gen on bagay espesyal ladan yo. Kidonk tout pwovèb gen dan, pa gen eksepsyon. M dakò. Mèsi pou koreksyon an, lamitye.
Men gen on gwo rezon ki fè m te konsidere pwovèb sa a on jan espesyal. Se on pwovèb ki parèt an de pati, tankou de batan pòt, yo chak te ka ouvè sou bò pa yo, alèz, san youn pa nan demele sosis ak lòt, men esperyans leve-jwenn nou, esperyans grandèt yo, di nou se pou nou fè yo ran-kontre. Ki sa m vle di? Lè nou di "bay kou bliye", nou rapòte dapre esperyans nou, "on moun ki fin bay on lòt moun kou, li bliye sa, sa pa ret nan memwa li"; lè nou di "pote mak chonje", nou di nou konstate, "moun ki gen mak kou li te pran sou li", tras yo pa pèmèt li bliye li te pran kou. Chak branch yo te ka kanpe pou kont yo. Yo chak te ka mande yon analiz sere. Men grandèt nou yo pa voye nou nan al gade sa k pase nan chak branch pwovèb la; okontrè, byen vag, yo deklare se konsa sa fèt, yo deklare se tankou on blòk pou nou pran yo, nan relasyon youn ak lòt.
Se la pwoblèm nou ye. Èske se vre moun ki bay kou bliye? Gen de ka, sa posib. M chonje nèg sa a ki te parèt sou mwen nan yon estasyon gazolin. M t ap fè gaz. Li te di m se on pwoblèm gason ak gason. Madanm li, nan fè jalouzi, te al kite l, san senkòb nan pòch li. Li te bezwen on koutmen, bay piti pa chich, pou l te ka peye okazyon pou li al dòmi lakay li Spring Vale, soti Bouklin. Li te jwe sou on venn sansib; di kou on nonm te di, ou te oblije fè on mouvman avèk on frè bra, paske ou te ka nan menm sitiyasyon an tou. Men lè apre de twa jou, menm moun lan vin parèt devan m ak menm pwoblèm lan, m oblije di: "Ou gen lè bliye ti Lami!? Ou vin devan m ak menm pwoblèm lan deja, wi! Apa Ayisyen pa gen memwa!" M dakò, Lamitye a te pote m on kou, li te blese m, epi li bliye. Li te abitye bay kou a, kidonk sa pa t di l anyen, mwen menm, se te premye fwa m te pran kou sa a, sa te make m.
Gen de lòt ka, kote pwofesyonèl frape bank lan tèlman konn sa l ap fè, li parèt sou ou, menm moun li te deja frape a (osnon èske se chonje li jis chonje nan ki zòn li te sèvi ak on kalite blòf?), ak yon lòt istwa. Si premye fwa a se te madanm ki te fè sezaryèn, li te bezwen al achte sewòm ak antibyotik pou li, dezyèm fwa a se pitit ki malad osnon ki pa gen lèt. Se vre tankou koze a di, tou manti pa fon, kou yo ap oblije sispann...
Nou te deja wè pwoblèm ki genyen ak koze "pote mak chonje" a. De ki mak n ap pale? Èske se on mak ki sou po osnon on mak ki nan memwa? Kidonk, èske se on mak ki vizib, ki plase on kote tout moun ka wè l, on kote tout moun ka lonje dwèt sou li, osnon èske se on mak k ap bezwen anpil lapenn, anpil doulè pou l ‘sot deyò'? Se kesyon sa yo ki fè nan tit la m di " Si nou pote mak ... nou oblije chonje". Mo ‘oblije' a enpòtan. Lè on grenn moun pran kou, amwenske se premye moman, doulè fre, moman lawonte, pyès moun pa oblije fòse l chonje sa k te pase. Lè l vin pou kont li, nan aswè, avèk memwa l, avèk souvni sa k te pase, kouman sa te pase, pou ki rezon sa te pase, ki moun ki te la, tout bagay ap parèt klè.
Mak ki pi enpòtan yo, se pa mak ki sou kò. Se mak ki anndan tèt. Jis jounen jodi a m chonje yo te konn di mwen, lè m te piti m te gen on kabrit epi chen manje l; depi lè a, m pa janm zanmi chen... e m kwè chen yo tou, yo konn sa. Mak sa a m pote a, li pa sou po m; se pa mak kout dan chen an te ban mwen; mak sa a se on souvni. Se souvni sa yo di m. Sa k pi rèd la, pa gen okenn reyalite nan tèt mwen ki mache ak souvni a. M pa menm chonje si m te gen on kabrit, alewè pou m ta chonje chen te manje l. Se sèlman souvni sa yo di m lan m genyen.
Nan lavi nou, pèp ayisyen, gen anpil mak nou pote. Mak reyalite: sa nou viv ki kite tras pou demen. Mak souvni: sa nou viv ki pa kite pyès tras kamera ka kapte. Yo tout se souvni. Souvni siklòn Azèl osnon David. Souvni tout kalite lavalas ki desann. Souvni masak Riyèl Vayan. Souvni koudeta. Souvni dizèt. Souvni eleksyon malatchong. Souvni kandida magouyè. Souvni kandida bèbè...
Ki sa n ap fè ak souvni sa yo? Èske yo gen enpòtans pou nou? Èske n ap bliye yo? Èske n ap mete timoun yo chita pou n pale avèk yo? Epi, kilès ki ‘NOU' an? Nou di: kabrit ki gen anpil mèt mouri nan solèy. E souvni ki nan anpil memwa, sa k pase yo? Gwo memwa? Ti memwa? Memwa poul?
Nou bezwen bon jan achiv pou n sere tout souvni nou gen nan memwa pèp nou. Pou demen. Pou tout lavi. Nou pran anpil espant nan men lavi a. Nou oblije chonje yo. Se on devwa!
Se sa pawòl la ye.
— Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com. |
|
| |
Category : General
| By : wozvel | Comments [1] | Trackbacks [0] |
|
|
| 02 Feb 2008 11:14:22 pm |
On Sistèm Respè Gwo Moso (3) |
|
|
Nan finisman dezyèm pati a, m te di: "Nan Gwo Moso, se istwa nou kòm pèp k ap pase devan je nou tankou on fim sinema. On istwa moun pa respekte moun. On istwa youn aprann pa respekte lòt depi nou ti kat-kat." Nan sans sa a, nou gen obligasyon pou n ale pi lwen toujou pase refleksyon sou Gwo Moso a, pou nou chache lòt egzanp lide respè nan tout aktivite lavi nou kòm pèp.
Men nou pa p kite Siksto pou sa: Siksto se on temwen, men on temwen ki gen kapasite pou l pataje enfòmasyon li ranmase avèk nou. E nou kapab konstate jan Siksto fè travay sa a ak tout serye li: Siksto mennen nou nan lye kote aksyon an te fèt la (Channmas, Dèyè do Desalin, Sodo, Bò Seminè, anwo Boudon, ...), li ban nou katdidantite moun li prezante ban nou yo (Mèt Akola; on pwofesè zanmi li; Loktama Konpè, on nonm ki te nan tout kafe Pòtoprens; Madan Senvilis, on moun li konnen, yon fanm Dendri; ...). Kidonk nou kapab sèvi ak materyo Siksto yo kòm on baz pou n reflechi nan travay chache konprann ki moun nou ye.
Siksto ban nou moral ki genyen nan chak pyès li yo. Men nou kapab analize konpòtman chak pèsonaj nan nenpòt nan pyès yo sou baz lide respè, on lide m ta renmen konsidere kòm on pwen fondalnatal nan relasyon nou youn ak lòt. An nou gade kèk egzanp ansanm.
Mèt Zabèl pa respekte tèt li: lè yo fin marye l fèt-e-founi, li refize chache travay pou l fè, li jis lage bikò li sou kont 2 malerèz fanm ...
Jil pa respekte tèt li: l al foure je l nan tou ap gade Dèdèt, ti fiyèl madanm li, k ap benyen ...
Fifin pa respekte tèt li: l aksepte al desann kay Loktama Konpè lè l al nan fèt Sodo, manje bwè ak msye, epi lè Loktama konprann pou l ta pwoche kote l, li di msye li an ve...
Lè nou gade tou le 3 ka yo, nou wè gen 2 aksyon ki pase: chak pèsonaj yo te aji on jan ki montre yo pa respekte tèt yo, epi sa vin fè on lòt moun vin ap manke yo dega. Se tankou chak moun ta gen on chenn nan kou li ak on meday, youn nan fas yo ta ekri respè, lòt fas la ta ekri mank-dega. Lè ou pa fè respè ou, se bò mank-dega a ki parèt deyò; lè ou fè respè ou, se bò respè a ki parèt deyò.
Men nou konnen se pa konsa sa pase: gen moun ki pa fè anyen pou bay on lòt dwa vin manke l dega, epi moun jwenn mwayen yo manke l dega kanmenm. Nan ka sa a, sa pa gen anyen pou l fè avèk moun yo manke dega a: se moun ki manke l dega a ki pwoblèm lan, se sistèm moun lan chita sou li pou l manke lòt moun dega a ki lakòz—on sistèm ki di: si on moun gade ou, li wè ou pa gen valè, dapre senbòl pouvwa nou rekonnèt nan sosyete nou an, li gen dwa chwazi pou li manke ou dega. Kesyon chwazi a enpòtan: si ou gen dwa chwazi, sa vle di ou pa oblije.
Lè nou pran ka minis Edikasyon Nasyonal la, nan pyès Lea Kokoye a, nou wè se on sitwayen k ap boule dapre sistèm prejije sa a. Lea, granmesi Derilis, okton minis lan, rive jwenn on randevou pou l al prezante devan minis lan, ak dipòm li anba bra l, pou l al chache on travay. Men jan minis lan resevwa l, se kont pou l ta al lage tèt li lanmè. Apre Lea fin ale, minis lan pran abò Derilis, fè l konnen pou l pa mennen de moun ki "santi ravèt, ... santi vetivè..." vin kote l nan ministè a. Li pa gen pou l chita tande pwoblèm moun sa yo paske li gen afè pa li pou l regle...
Minis lan pa respekte moun tankou Lea yo, ki pa byen abiye, ki pa gen zong long, bouch woze, ki pa reprezante senbòl/modèl fi li ta ka tcheke yo. Minis lan pa respekte tèt li non plis; li pa respekte Leta; li pa respekte pozisyon l kòm fonksyonnè Leta: li minis pou l mete lajan sou lajan l, pou l gaspiye byen Leta (nan mete fanm sou pewòl san yo pa konn jebede; nan bay fich gaz tribò-babò).
Ak konpòtman minis lan, nou rive nan dènye degre respè/mank-dega a, paske la a, se pa on moun ki manke on lòt moun dega: se on reprezantan Leta ki manke on sitwayen dega. Se on kesyon (en)jistis sosyal.
Zabèlbòk pa respekte tèt li, Sandrin ka kanpe nan figi l pou l manke l dega. Men lè minis lan fè derespektan ak Lea, Derilis pa ka kanpe nan figi minis lan pou l manke l dega: minis lan se Leta. Tou sa Derilis ka fè, se babye dèyè do minis lan: "Moun yo pa t fè lendepandans ban nou pou koze a pati konsa. Li pa bon. [...] Se on lavanj jilèt wi n ap gen pou nou pran! [...]"
Non, pa gen okenn moun ki ka kanpe fas pou fas ak minis lan, an prive, pou di l koze konsa. Lè on fonksyonnè Leta fè zak derespektan, zak malonnèt, se nan lari yo mete ou, paske se pa on koze prive: se on koze piblik, koze tout moun. Yo fè chante sou ou, yo foure tout fanmi ou ladan, yo pase sou tout konpayèl ou, tout asosye ou. Tankou: ‘Fanm a linèt la pran peyi a.’ ‘Ke makak la kase.’ ‘Manman pou l la...’ ‘Twou yo nan lari a...’ ‘Gran manjè.’ ‘Chimè.’ ‘Mildwèt.’
E se la kesyon jistis sosyal la ye: nou pa ka di si minis la manke Lea Kokoye dega, se Lea ki chache l. Minis la, kòm on moun ki reprezante Leta egzèse awogans, mechanste mouche Leta.
Lè on moun pa respekte tèt li, li pèmèt yo manke l dega, manke fanmi l dega, manke katye l dega, manke bouk/vil li dega, manke nenpòt ki gwoup li fè pati a dega—MANKE PEYI LI DEGA.
— Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com. |
|
| |
Category : General
| By : wozvel | Comments [13] | Trackbacks [0] |
|
|
| 17 Jan 2008 07:04:08 am |
On Sistèm Respè Gwo Moso (1) |
|
|
Lide pou m fè on rale sou koze « sistèm respè » nou an nan tèt mwen depi kèk tan. Se on okazyon m t ap veye pou m te jwenn on bon pretèks. Semenn pase a, m pi kwè se te nan samdi, m al nan on magazen ki sou Flatbouch la, epi m al frape nen pou nen ak on okazyon bab e moustach. Te gen on sitwayen ki t ap pale anndan magazen an. Li pa t ap pale ak pyès moun, men m te rive konprann li t ap pale ak tout moun ki te la, anplwaye kou kliyan. Fò ou ta di pòtvwa l te nan bouch li. Se angle li t ap pale, men sa pa anpeche m fè repòtaj la pou nou an Kreyòl: « Se pa Blan an, non! Nou toujou ap blame Blan an! Se nou menm nèg ki konsa. Nou pa respekte moun. Nou trete moun nenpòt ki jan, depi nou wè se moun nwa parèy nou yo ye. Gen on lòt magazen sa yo nan on zòn ki pi sanble ak kote Blan rete, yo pa janm trete m jan nou trete m isi a. M oblije tann on pakèt tan. Pa gen moun ki enterese konnen sa m bezwen. Èske se paske m gen aksan Ayisyen an? Se Ayisyen nou ye tou, pifò nan nou: ki enteresan nou te gen tan ap fè la a?! Chiya!...»
Pawòl repwòch, pawòl jouman sa yo vin tonbe daplon ak on seri refleksyon m te kòmanse fè, etan m ap suiv deba nou nan radyo, sou fason nou kominike youn ak lòt nan tout domèn. Fè deba, se on bagay ki ta dwe nòmal. Pa ta dwe gen pale sou sa. Men lè ou pran san ou pou ou koute, koute pou ou analize, koute pou ou konprann, ou santi gen on bagay ki pa nòmal. Sa k pa nòmal la, se fason deba yo fèt, se fason chak moun fè konnen pozisyon pa li: se tankou, se pa 'pozisyon an favè on moun ap defan', men se 'pozisyon kont' l ap atake. Kidonk, se pawoli ki sèvi pou prezante / apiye pozisyon yo—m ta dwe di pou kraze / atake pozisyon lòt moun—ki rale deba yo desann: tout moun nou pa dakò avèk yo, nou ba yo tout non, nou pa trete yo ak respè.
Chak fwa m ap reflechi sou "sistèm respè" ki devlope lakay, premye imaj ki vin nan tèt mwen, se Msye Gwo Moso, pèsonaj Moris Siksto a, nan pawòl lejandè li sou rapò li tabli ak tout moun li rankontre sou wout li.
Premye konnesans nou fè ak Gwo Moso, se on gagann nou tande, konmkwa se te on radyo ki louvri dènye volim: "Ou wè mwen menm, m ap di nou on bagay. Mwen menm nou wè la a, m pa moun ki fèt konsa konsa non. Jou m fèt, papa m foure on zepeng annò nan bra gòch mwen, on zepeng an nò nan bra dwat mwen. Li ban m yon pwen bourik."
Depi an lagan, Gwo Moso fè n konnen li pa on moun ki sennesòv. Se on nonm ki gen on pouvwa mistik. Siperyorite sa a li genyen sou baz mistik la, se sa k ta dwe fè ou respekte l. Se dwe sa k fè li pa respekte pè-pap la. Gwo Moso, bon Ayisyen, konnen, lè ou gen pouvwa, fòk ou fè moun konnen ou gen pouvwa a. Lè ou fin fè on aksyon, fòk ou fè moun konnen ou sot fè l. (Yo di Desalin te di: "Apre sa m sot fè Lannsid la, si sitwayen yo pa leve kanpe, pran lari, se paske yo pa gen kran.") Kidonk, Gwo Moso achte Channmas lajan kontan pou l fè reklam vanyan gason l. E Gwo Moso konnen nou renmen bèl mèvèy. Gwo Moso konnen nou renmen (wè) moun ki gen pouvwa paske nou renmen pouvwa.
Gwo Moso rakonte n sa k te pase l on lavèy Nwèl ak on ti kaporal nan ti pòs Bèlè a, ki te pèdi wòl li osnon ki t ap egzèse dwa chèf li: "Ala fen, nonm sa a fen, kote ou prale?" Gwo Moso reponn li: "Ou pa ka mande m de bagay konsa, m pa timoun. Kouman ou fè pou ou rete m nan lari pou ou mande m kote m prale?"
Kaporal la sezi: "O! O! M pa t konnen ou te gen tou sa sou ou non."
Gwo Moso pwofite okazyon an: "Se paske ou pa chache konn ki moun k ap pase pou ou pale avèk li. Se Gwo Moso wi, k ap pase la a."
Lè pouvwa kontre ak pouvwa, se mal sele ki foule. Pouvwa mistik kont pouvwa chèf: Gwo Moso pot laviktwa sou ti jandam lan. Gwo Moso se on Lwijanboje!
Gwo Moso pa janm bese tèt devan moun. Kesyon de ti boujwa k ap vin fè frekan avè l, bliye sa: li fè yo met a jenou, mande padon, mande granmoun, mande chèf padon.
Kidonk, Gwo Moso se chèf tou? Osnon l ap pran pòz chèf li?! Antouka, tout monte l ap monte pye kochon an, pa gen pyès moun ki wè l. (Ou pa konn sa m ye. Ou ka monte sou resif. Ou ka monte sou zo grann ou.)
Gwo Moso se on nonm ki tèlman makawon, menm fanm nan kay li pè l. "Afè de fam, se pa bagay m janm pran o serye. M te gen on fam, lè m antre lakay mwen, rele m rele l sèlman, li pipi sou li. Lè konsa, li ennève mwen, m pran tèt li, m frape l nan tout panno kay la."
Nou ka konprann sa: Gwo Moso pa nan rans, menm ak moun ki pa atake l, menm ak moun ki pi fèb pase l. Si ou al pale lèd avè l, se afè k gade ou. Èske se on kesyon prensip pou Gwo Moso? Sa pa klè, men youn nan jan ou montre ou gen respè pou on moun se nan fason ou pale avè l.
Moun ki (kwè yo) chèf, yo gen pwoblèm pou yo pale byen ak moun.
— Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com. |
|
| |
Category : General
| By : wozvel | Comments [4] | Trackbacks [0] |
|
|
| 10 Jan 2008 05:09:22 am |
Tan Ale, Tan Pa Tounen |
|
|
On pawòl konsa, ‘tan ale, tan pa tounen', pa ta dwe mennen pale anpil. Li pa sanble on pawòl politik (pawòl politik, nou konn sa, toujou mennen zen—gendwa tou se sa k fè gen politisyen ki chwazi pou yo rete bèbè), ni tou li pa sanble on pawòl pwen (tankou lè on moun ap antre nan koze lòt moun ak on pawòl an daki, epi mèt pwen an konprann sa, li ranmase pwen li). Non, pawòl sa a plis sanble on pawòl bat bouch pou dezannouye machwè—pou sa k ap pale, on pawòl pou fè lapati mache—ak sa k ap koute. Li pa sanble ak on pawòl ki pote okenn enfòmasyon bay pyès moun, piske esperyans nou ban nou, nou menm kretyen-vivan, depi moman nou gen konnesans n ap viv, nou anndan machin lavi a ak moun ki te wè jou anvan nou, kidonk moun ki gen esperyans on tan pase nou menm nou pa p janm konnen. Wi, moun sa yo, se temwen tan ki ale, ki pa p janm tounen ankò. Sa a se pawòl laverite, on pawòl ki pa ta dwe mennen pale anpil.
Men koze ‘dèyè pawòl, gen pawòl' la, se on koze laverite tou. Lè ou pa atann, li pwente sou ou. Pa gen moun ki ka ni rennen l ni ba l baryè. De twa zanmi, ki pa t wè lontan, te reyini nan fendane a, nan on reveyon 31 desanm. Tout pawòl t ap pale. Youn t ap chonje lè l te piti nan lekòl primè jan l te fò nan fè chenè, jan l te konn kale tout nèg sou katye a, ba yo zwèl—« Zwèl manman ou! Zwèl papa ou! Zwèl tonton ou! Zwèl matant ou! Zwèl tout fanmi ou! » On lòt t ap chonje tout kalite bèl plezi Vakans Pak, plezi jwe topi, plezi jwe mab, jwe oslè, jwe pench, plezi marèl sitou lè ou rive nan syèl, plezi leve bonè, al monte sèvolan nan gran savann, lwen fil eletrik, mete bon jan zenglen osno jilèt chandra nan ke grandou ou pou ou voye advèse ale... Tout nèg t ap chonje lè yo chita nan katye jeneral yo ap bay blag, fè politik, rive jis byen ta, epi, apre sa, fè on rive Pòtay pou yo kraze on bega, anvan chak òm chache wout kay yo, a pye osnon nan kamyonèt.
« Tan ale, tan pa tounen, mesye! », se sa youn ladan yo te di. « Jodi a, jenn moun nan peyi a pa ka fè aksyon nou te konn fè. Pa gen ret chita byen ta deyò ankò. Pa gen mache lannuit ankò. Menm pwonmennen lajounen ka mennen tèt fè mal pou fanmi...» On lòt reponn: « Sa pa vle di tout bagay te bon pou sa. Sa pa vle di tout moun t ap mennen. M toujou renmen tande moun k ap pale de tan lontan, konmkwa sa te toujou pi bon pase tan jodi. Papa m toujou ap di jan sa te bon lè l te piti. M si granpapa m te konn fè menm bagay la tou. M sèten timoun ki gen senk-dizan jounen jodi a, nan trant-karant an, yo pral fè menm bagay la. Se nostalji ki fè n ap repete pawòl ‘tan ale, tan pa tounen' an. »
Gen on twazyèm ki di: « Se vre gen nostalji. M dakò avè ou sou pwen sa a, men se pa sa sèlman. Sa klè kou dlo kòk, nan dènye dis-kenz an ki sot pase la yo, sitiyasyon moun nan peyi a vin pi mal tout jan, sitou moun ki te toujou pi pa bon yo. Moun pa gen nostalji move tan, moun gen nostalji on tan ki te bon pou yo, osnon on tan yo kwè ki te bon pou yo... »
M pa t gen chans pou m te fin suiv deba a, men m sispèk gen on kesyon politik ki antre nan koze a. Gen on reyalite nan lapawoli ‘tan ale, tan pa tounen' pyès moun pa ka chanje: tan ki pase pa pou nou, se souvni li ki rete nan tèt nou. Se vye memwa nou ki pou nou. Si gen chans, memwa a gendwa tounen memwa on gwoup moun, memwa plizyè kategori sitwayen. Men nan anpil ka, de (2) moun ki te viv nan on menm epòk, kidonk nan on menm espas tan, gen anpil bagay (pou m pa di se pifò bagay) ki pase nan epòk sa a, yo pa ka wè yo menm jan. Se selon sikonstans lavi yo, selon kote yo te kanpe.
Etan youn ap di ‘tan ale, tan pa tounen', ak kèk gwo kout soupi, ak chagren nan kè, lòt la gendwa ap souke tèt li, tankou li pa ka kwè sa, lè l ap gade devinite kèk sitwayen ki te konn fè e defè lè yo te sou pouvwa yo: « Apre on tan, se on lòt, wi, mezanmi! Pou jan moun sa yo te konn fè. Tou rich pa mal, se tounen dèyè a ki pi mal. Sa k ta di sa, en? Rele sa moun yo ap mache on men devan, on men dèyè. Epi yo pale moun yo, yo di yo al dousman, pa gen anyen ki etènèl. Yo enkoutan. Se Eklezyas sèl ki gen rezon. Chak bagay gen lè yo, chak bagay se pou on tan. »
Kèlkelanswa gran banda nou ta vle fè, tan an se mèt nou. Li deploye zèl li tout lajè sou nou. Li kouvri nou. Nou pa ka deplase san li menm. Tan an mennen nou nan on sèl sans: dwat devan, san fè bak, san vire tounen. Sou wout nou, nou ranmase moun ak evennman. Nou kase separe esperyans nou ak moun yo, selon memwa nou, men nou pa ka fè bak pou nou al montre yo sa nou te wè, sa nou te tande. Yo menm tou, lavi yo mawonnen nan tan pa yo. Yo pa ka fè wonn pòt.
Pi gwo konsèy grandèt yo kite pou nou se ‘ret trankil, se remèd kò'. Men lè maladi antchoutchout pran nou, nou bliye tout bagay, nou antre nan tout sòs. Sèl sovè nou se si nou chonje pou nou ‘fè tan, kite tan', kite on jwen pou nou kouri—pou moun pa di podjab pou nou.
— Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com. |
|
| |
Category : General
| By : wozvel | Comments [2] | Trackbacks [0] |
|
|
| 20 Dec 2007 05:08:34 am |
Lari Leta A (Nan Sezon Fèt La)! (1) |
|
|
M t ap bay de twa blag chonje lontan ak kèk kanmarad lòtrejou, epi nou vin tonbe sou diferan moman selebrasyon ki genyen nan ane a, selon jan nou abitye avèk yo lakay (Nwèl/Premye Janvye, Kannaval, Semenn Sent, Premye Konminyon, Fètdèmè, Gran Vakans), vin mete sou sa nou jwenn ki genyen bò isi a (Thanksgiving, Kat Jiyè, ...). Nou tout dakò, se epòk Nwèl la ki pote premye pri. Pa gen tankou Nwèl. Chak nèg vini ak on rezon, epi rezon youn vin kore rezon lòt. Pa t gen chòk, pa t gen kontradiksyon tankou lè n ap fè diskisyon politik. Anbyans Nwèl la gen on bagay espesyal ladan, se on bagay apa. Nwèl se pou ni timoun ni granmoun. Nwèl se epòk manje pate, bwè lanni, al mès minui, al nan reveyon, banboche, banbile tout lannuit jis solèy leve. Nwèl tou se epòk tout radyo ap bay bèl ti mizik ki rive touche kè menm bouwo nan lanfè, mete lespwa nan kè Ti Mizè. Nwèl se epòk bèl dekorasyon toupatou, epòk tout magazen chaje, tout moun sanble y ap pran wout lavil, al chache on bagay...
Lide ‘pran wout lavil' la fè pawòl la vire. Gen youn nan kanmarad yo ki di: « Lontan se te on plezi pou moun al lavil, konnye a tout bagay chanje. Pa gen kote pou moun mache, machin ap monte sou yo. Ti machann yo menm nan mitan lari a, yo pran lari a pou yo, ap goumen ak machin... » Gen yon lòt ki di: « Sa ou wè l di ou la a, se bon pawòl, wi. M tande ak de zòrèy mwen, nan radyo, kouman chofè pa respekte okenn regleman sikilasyon ankò. Epi tou, machin yo pa menm enspekte, yo kouri san limyè siyal, san limyè fren, san klaksonn. M pa menm kwè gen sèvis sikilasyon ankò. Swadizan lari a se pou Leta l ye, men Leta lage lari a sou kont pèp la. » Etan l ap di dènye pawòl sa yo, li pa retire je l sou mwen. Se avè m menm li t ap pale: « M konn se fouyapòt ou ye, ou a al chache konnen si sa m di yo se pa vre! »
M pa reponn. Men pawòl la fè m souri, paske m konnen ‘lari a se salon pèp la'. Se nòmal pou pèp la pran lari a pou li. Sitou si Leta bay demisyon l. Li pa difisil pou nou imajine lòt pwoblèm sa vin bay ak koze ‘lari a se lari Leta' a: se tout moun ki fè sa yo vle nan lari a. Sa k an favè yo, sa k bon pou yo, se sa yo fè. Sa pa mele yo si sa deranje lòt moun. Tout koukouy klere pou je yo. Tout moun se Leta, men gen Leta ak Leta.
M pa t pèdi tan nan eseye monte, demonte pawòl. M antre nan fè rechèch nan sit entènèt kèk radyo ak jounal. Atik ki pi ansyen m jwenn lan, se sou sit AlterPresse.org li ye; yo te poste li nan dat 19 jiyè 2003: « La circulation automobile, un casse-tête à Port-au-Prince
» (Sikilasyon machin nan vil Pòtoprens, se tèt chaje).
Nan atik sa a, nou fè konnesans ak on travayè faktori ki rete Matisan: li oblije leve depi 5 è di maten pou l ka rive nan travay li a 8 è. Lè pou l retounen lakay li le swa, sa pi rèd toujou: kamyonnèt yo se kòde y ap kòde, se sèso moun pran, epi ou pase plis pase 2 èd tan nan blokis.
Se tout kategori moun k ap plenyen pou blokis ki genyen toupatou: elèv lekòl, etidyan inivèsite, komèsan, anplwaye Leta, chofè piblik kou prive, tout lòt kalite travayè... Moun ki sou volan machin yo menm se pi rèd: kit yo te met tèt sou Kafou, Dèlma, osnon Lali, se blokis toupatou.
Nou fè konnesans tou ak on chofè kamyonnèt Kafou k ap esplike jan bagay yo vin pi di: lontan lè l travay, li te konn jwenn mwayen peye kay li, peye ekolaj 6 timoun, okipe fanmi li. Konnye a, akòz blokis pongongon, li pa ka fè kantite vwayaj li te konn fè nan on jounen travay ankò. Menm kòb manje a, li konn pa fè. Li panse si gen plis blokis, se paske vin gen plis machin sou wout la, epitou chofè yo se on bann tèt mato ki pa resevwa okenn fòmasyon.
Tout moun se Pòtoprens yo oblije monte pou yo vin regle tout bagay. Sa lakòz pwoblèm blokis la pa p janm sispann. Gen moun tou ki degaje yo pran avantaj sou tèt sitiyasyon sa a. Pa egzanp, ti machann k ap pwonmennen yo, sa ranje yo: granmesi blokis la, yo gen tan pou yo ofri pasaje ki nan machin yo machandiz yo gen pou vann. Se konsa yo defann yo. Si pa t gen blokis, yo t ap oblije monte nan otobis yo pou y al eseye fè on de pyas. Se pa jwèt enèji yo ta oblije depanse.
Gen de lè menm, chofè yo konn nan konfyolo avèk gwo komèsan, mèt magazen yo. Mesye sa yo fè on woulman ak chofè yo pou yo ka ba yo on blokis, pa espre. Gen on mèt magazen ki esplike si machin yo ap pase tout vitès, pasaje yo pa p gen tan wè ansèy magazen yo. Sa pa enterese mesye yo, ni mèt magazen, ni chofè, si on anbilans osnon ponpye ta bezwen pase pou y al pote sekou.
Tout pawòl sa yo, m ap fè nou chonje, se dapre sa m li nan yon atik ki parèt sou AlterPresse.org nan dat 19 jiyè 2003. Dènye atik m jwenn sou pwoblèm sikilasyon ann Ayiti, "Nouvelle image pour Pétion-Ville et Delmas", parèt sou sit Métropolehaiti.com nan dat 14 desanm 2007. M ankouraje nou al li li, n a wè soti 2003 rive 2007, gen on seri pwoblèm sikilasyon ki sanble se ak on etanp fè wouj yo tanpe yo nan san peyi a.
Dèyè pawòl "lari Leta" a, nou wè si Leta bay demisyon l sou on pwoblèm, chak manm popilasyon an ap degaje l avèk pwoblèm lan kon Mèt Jan-Jak, nan enterè pa l, ki pa fòseman enterè tout kominote a ...
— Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com. |
|
| |
Category : General
| By : wozvel | Comments [20] | Trackbacks [0] |
|
| |
| 1 2 3 ...6 7 8 Next |
|
|