Search Site
 
Columns


 

 

A Haitian Times Featured Column

On jou, ou a fè m souse on zo!
Pa gen twò lontan, m t ap fè makèt, m kwaze ak de lepè ki t ap pale. Sa yo t ap di a, se pa t koze politik li te ye; kidonk pa t gen rezon pou m ta krab kò m on jan pou m ta pran bon jan son. Malgre yo te nan yon espas piblik, m te gentan konprann mesye yo te nan on konvèsasyon prive. Se te de fanmi yo, de pitit pitit yo, yo t ap pale. Epi gen youn ladan yo, nan kontinyasyon on koze, ki di: “Okontrè menm, mwen ak youn nan ti pa m yo la a wi. Raf! Raf! Kote ou ye la a? Ou a entelijan pa ou! Ou pa janm konnen: gendwa se li ki va fè m souse on zo on jou!”
Pawòl ‘souse on zo’ sa a fè m chonje m te fè on rale, pa gen twò lontan, sou enpòtans zo nou wè nan granchimen (“Lè ou wè on zo nan granchimen, ...”, 6-12 Septanm 2006). Men se de pawòl lèt ak sitwon, de pawòl diferan. Anpil moun ki wè on zo nan granchimen, sitou ti jèn ki pa ko gen eksperyans yo, gen tandans pran li pou on vye bagay, on bagay yo voye jete nan lari paske l pa bon, paske yo pa bezwen l, pou chen manje. An reyalite, koze “zo nan granchimen”, se on koze ki mennen nou nan pawòl dantan, on koze ki gen on leson ki mache avèk li: tout zo on moun wè nan granchimen te gen vyann sou yo on lè. Se on leson respè pou sa nou pa konnen. Respè pou sa k pi gran pase nou. Respè pou prensip lavi tou: se zo ki bay vyann sipò pou l ka kanpe, pou l pa gaye. Se zo rèl do ki sèvi poto-mitan pou kenbe lòt zo ki nan tout chapant kò nou. Zo ansanm ak vyann, ansanm ak po, se senbòl vivan-gaya. Lè on moun fin dekrenmen, on moun nou te konnen ki te gwo gra, byen anfòm, nou pa di se on moun vyann li fin ale osnon vyann li sove, tankou nou ta di pou on krab mazòrèy nou wè sou dan wòch, bò lanmè; non, nou di moun lan se zo ak po sèlman. Kidonk nou rekonnèt valè zo yo: lè pa ret anyen ankò, zo yo la pou bay temwayaj... (Èske nou chonje kont de frè Grim yo, Jakòb ak Wilèm, “The Singing Bone”/ “On zo k ap chante”? Sa mande reflechi.)

Read more in the newsstand edition of The Haitian Times, or subscribe and get the Haitian Times at your door every week!


The Haitian Times, Inc. 610 Vanderbilt Avenue, Brooklyn New York, 11238 Phone: 718-230-8700 Fax: 718-230-7172
Send Questions and Comments to info-ht@haitiantimes.com